Transpò Piblik Ozetazini

Updated: 2/17/2026
Gen diferan kalite transpò ki disponib lè ou rive nan nouvo kominote w. Pifò kominote gen youn oswa plizyè fòm transpò piblik. Ou pral bezwen aprann kijan pou itilize transpò piblik la avèk sekirite.

APÈSI

Lè ou rive nan nouvo kominote w la, ou pral bezwen aprann kijan pou deplase fasil soti nan yon kote pou ale nan yon lòt. Anpil moun kondwi nan Ozetazuni, men posede yon machin koute chè epi li ka pa posib pou ou nan kòmansman.

Pifò kominote gen youn oswa plizyè fòm transpò piblik ou ka itilize pou ale nan travay ou (lè ou kòmansa travay), menm tou nan magazen, bank, ak lòt sèvis kominotè. Aprann kijan pou itilize transpò piblik pou rive kote ou vle ak bezwen ale avèk sekirite se yon premye etap enpòtan pou w adapte w nan nouvo kominote w la.

 

Transpò Piblik

Transpò piblik Ozetazuni varye selon kote w ye a. Nan kèk kote, li ka mennen w prèske nenpòt kote ou bezwen ale. Nan lòt kote, li ka sèlman fonksyone okazyonèlman oswa li pa disponib ditou.

Gen twa kalite transpò piblik prensipal: bis, métro, ak tren pou moun k ap deplase chak jou. Yo anjeneral swiv yon orè epi kanpe nan kote ki make pou moun ka monte oswa desann. souvan, ou pral bezwen achte yon tikè davans oswa peye lè w ap monte nan transpò piblik la. Pafwa, ou bezwen lajan egzak oswa yon kat transpò elektwonik ki gen ase kredi pou peye tikè a. Kout lajan pou vwayaj la pafwa depann de longè vwayaj la. Kat transpò yo disponib nan estasyon ak lòt kote ou ka itilize lajan kach, kat kredi, oswa kat debi pou ranpli kat transpò a.

Pandan lè ki gen anpil trafik, pri transpò piblik ka pi wo pase nan lòt lè nan jounen an. Bis ak tren yo ka vin ranpli anpil pandan lè sa yo, epi nan gwo vil, li ka pran plis tan pou rive kote w prale  a. Se pou sa li enpòtan pou w soti lakay ou pi bonè pandan lè ki gen anpil trafik yo si ou vle rive nan travay alè oswa si ou gen yon randevou ki gen lè egzat.

Pifò transpò piblik gen plas rezève epi ki make spesyalman pou granmoun aje, moun ki gen andikap, ak fanm ansent. Yo atann ke moun ki kapab kanpe a ap kite  plas sa yo vid lè sa nesesè.

 

Image
A busy city street with multiple lanes of traffic, including yellow taxis, vans, and cars. Tall buildings line both sides of the street, and pedestrians are visible on the sidewalks. The scene captures the hustle and bustle of urban life.
Image
The interior of a city bus with passengers seated and some standing, holding onto yellow handrails. The view is towards the front of the bus, showing the driver and the bus's entrance. The bus is in motion, passing through an urban area.

Mache ak Monte bisiklèt

Mache ak monte bisiklèt se mwayen transpò ki pa chè, pratik, epi ki bon pou sante w. Gen lwa Ozetazuni ki regle fason pou mache ak monte bisiklèt. Fè atansyon ak siy ak limyè trafik pou w rete an sekirite pandan w ap mache nan kominote w la. Itilize twotwa epi asire w travèse lari a sou kote. Pake bisiklèt ou nan zòn ki make pou sa epi klete li byen avèk yon kadna.

Anpil vil gen liy espesyal pou kondui bisiklèt epi yo gen règleman trafik ak sekirite ki aplike sèlman pou siklis. Nan anpil kote, kas bisiklèt obligatwa sou lalwa, epi kèk vil egzije menm yon lisans pou siklis. Li enpòtan pou w konnen epi swiv lwa trafik nan kominote w la pou w ka monte bisiklèt san danje.

 

Gen kèk vil ki gen pwogram pataj bisiklèt, ki pèmèt moun lwe bisiklèt pou yon ti tan. Pifò nan pwogram sa yo gen estasyon bisiklèt nan diferan pati nan vil la, epi moun peye pou monte bisiklèt soti nan yon estasyon pou ale nan yon lòt kote yo pral kite bisiklèt la pou yon pwochen moun ki pral itilize li.

Abitèlman, moun k ap itilize pwogram nan dwe peye ak yon kat kredi oswa kat debi, oswa enskri nan pwogram nan davans tankou yon manb. Kèk pwogram menm gen aplikasyon pou telefòn entelijan ki pèmèt moun jwenn bisiklèt ki disponib epi jere peman yo fasil.

 

Image
A row of red rental bicycles is lined up at a bike-sharing station in an urban area. The bikes are neatly arranged and ready for use. In the background, there are trees and buildings, suggesting the station is located in a city square or park.

Woulib ou peye pou li  ak Taksi

Sèvis woulib ou peye li, tankou Lyft ak Uber, disponib nan anpil vil ak ti vil Ozetazuni. Nan pifò ka, pran woulib peyan pi bon mache epi pi pratik pase taksi tradisyonèl, men ou bezwen yon telefòn entelijan ak aplikasyon ki apwopriye pou fè aranjman vwayaj la,   epi ou dwe gen yon kont ak kat kredi oswa kat debi pou peye.

Ou ka sèlman rete yon taksi nan lari a oswa jwenn yo nan zòn ki la pou sa nan kèk vil, oswa ou ka fè yon aranjman pou rele yon konpayi taksi si ou pale anglè. Chofè taksi yo anjeneral aksepte lajan kach oswa kat kredi, men li enpòtan pou konfime fason peman an avan chofè taksi a derape pou vwayaj la.

Sèvis woulib peyan ak taksi pi chè pase transpò piblik epi yo pa rekòmande pou itilize chak jou. Sepandan, yo ka itil nan sitiyasyon ijan.

 

Posede ak Kondwi yon Machin

Posede yon machin pèsonèl gen avantaj men li vini ak anpil responsablite. Depans ki gen rapò ak machin yo anjeneral genyen peman machin chak mwa (si w achte li sou kredi), bon asirans, frè lisans ak rejistrasyon, epi frè pou pakin, gaz, ak antretyen. Depans sa yo ka vide revni ou rapid, kidonk okòmansman ou ka bezwen sèvi ak transpò piblik pou vire.

Aprè ou jwenn travay epi ou kapab peye depans machin yo, ou ka deside achte yon machin. Tès kondui ak lisans obligatwa pou nenpòt moun k ap kondui yon machin.

Pano Trafik

Kanpe

Yon sèl direksyon

liy bisiklèt

Lekòl

pasaj pyeton

Leson Anglè 

Ki kote estasyon bis/tren an ye?

Ki kote bis/tren sa a ale?

Konbyen tikè a koute?

Kijan mwen ka ale nan bibliyotèk/bank/famasi/magazen?

 

Image
Passengers wait on a platform as a train arrives at a station. Some people are standing with luggage, while others are seated inside the train, visible through the windows. The platform is covered, and there is a digital sign displaying information about the train's arrival.
Image
An aerial view of a complex highway interchange with multiple lanes, overpasses, and ramps. Cars are traveling in various directions. Surrounding the interchange are buildings, green spaces, and residential areas, creating a bustling urban landscape.
Was this article helpful?
25
0