Jere epi Fè Fas ak Strès

Updated: 2/26/2026
Strès se yon reyaksyon nòmal ak divès chanjman nan lavi. Estrès se fizik ak emosyon alafwa. Moun santi estrès nan kò yo atravè chanjman nan dòmi, apeti, nivo enèji, oswa sante jeneral. Moun fè eksperyans estrès emosyonèl tou atravè santiman laperèz, kòlè, eksitasyon, oswa tristès.

Ki sa ki Strès?

Strès ka santi l pozitif oswa negatif, oubyen yon konbinezon toulede. Pa egzanp, ou ka fè eksperyans estrès pozitif lè w ap planifye yon maryaj oswa lè w ap wè fanmi w pou jou ferye yo. Pafwa estrès ka vin akablan tou, sa ki fè li difisil pou jere oswa fè fas ak nouvo chanjman yo. 

Siy Strès

Strès ka afekte emosyon w ak sante fizik ou. Kò w reyaji ak strès nan diferan fason. Kèk chanjman fizik ou jwenn jeneralman: 

  • Chanjman nan orè dòmi w.  
  • Santi fatig oswa ou gen mwens enèji.
  • Chanjman nan apeti w.
  • Doulè fizik tankou doulè vant, tèt fè mal, ak doulè nan do.
  • Tonbe malad pi souvan. 

Strès kapab chanje tou fason w santi w. Pa egzanp, si w santi w strese, ou ka remake ou: 

  • Toujou ap enkyete oswa gen difikilte pou detann ou.
  • Gen difikilte pou konsantre, fè atansyon, oswa sonje bagay yo.
  • Santi w mal ak tèt ou oswa santi w poukont ou.
  • Evite lòt moun.  
  • Vin fristre fasil oswa anmède. 

Tout moun fè eksperyans strès nan lavi yo. Sepandan, santiman strès ki twòp ka mennen nan pwoblèm ki pi grav tankou tristès, enkyetid, tansyon wo, ak yon sistèm iminitè ki febli. Lè emosyon sa yo deranje w chak jou, sa ka yon siy pou chèche sipò. Pa egzanp, konsidere chèche sipò si w gen pwoblèm pou manje oswa si w pèdi enterè nan aktivite ki abitye ba w lajwa. 

Strateji pou Ede Granmoun Fè Fas ak Strès

Strateji pou jere strès se fason moun jere strès epi pran swen byennèt emosyonèl yo. Konpetans ki an jeneral  ka ede w jere estrès yo genyen: 

Kenbe yon woutin: Woutin ka ede w santi w an sekirite epi ou gen plis pouvwa. Yon woutin se kenbe menm aktivite a nan menm lè a oswa nan menm sekans lan chak jou oswa chak semèn, tankou leve epi dòmi nan menm lè a chak jou. 

Dòmi ase: Dòmi ase ede sèvo w fonksyone pou w ka fè atansyon, jere travay, epi pran desizyon. Ou ka pratike bon ijyèn dòmi lè w rete konsistan avèk orè dòmi w, lè w manje repa ki bon pou sante w, epi lè w evite kafeyin sis èdtan anvan w al dòmi. 

Fè mouvman ak kò w: bouje kò w oswa fè egzèsis pou omwen 15 minit chak jou ka diminye strès, ede w dòmi pi byen, epi amelyore atitid ou. Fè ti mache, detire kò w, epi danse se kèk fason ou ka sekwe kò w. 

Onore Kilti w: Konekte ak kilti w  ka ede w jere epi fè fas ak strès alontèm. Kwit manje ki soti nan kilti w, konekte ak lòt moun, pratike kwayans relijye, epi jwe mizik se kèk fason ou ka onore kilti w. 

Sèvi ak metòd sa yo ka ede w panse pi byen, pran pi bon desizyon, epi jere anpil demand lavi ak fanmi. Menm senk minit chak jou ka fè yon gwo diferans nan sante w ak byennèt emosyonèl ou. 

Image
moving your body
Image
people

Avètisman: IRC te resevwa finansman konpetitif nan men Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini, Administrasyon pou Timoun ak Fanmi yo, Sibvansyon #90RB0052 ak Sibvansyon #90RB0053. Pwojè sa jwenn 100%  finansman nan men fon federal. Kontni dokiman sa a se responsablite otè yo sèlman epi li pa nesesèman reprezante opinyon ofisyèl Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini, Administrasyon pou Timoun ak Fanmi yo.

Was this article helpful?
12
-1