Konprann Sistèm Lojman Ozetazini

Updated: 2/26/2026
Lè w rive Ozetazini, ou dwe konnen kay ou a kapab pa sanble ak kay ou te wè nan pwogram televizyon, nan fim, oswa nan piblisite. Pifò moun Ozetazini rete nan ti kay oswa apatman senp. Li enpòtan tou pou ou konnen gen yon mank lojman Ozetazini, pa gen ase kay disponib pou moun k ap chèche kote pou rete—sitou kay moun kapab peye.

Konprann Premye Lojman Ou Ozetazini

Lè w rive Ozetazini, yo kapab mete w nan yon lojman tanporè, tankou yon otèl, lojman nan yon inivèsite, oswa yon apatman ki gen mèb. Lojman tanporè yo souvan nan yon kote ki pratik epi yo gen mèb debaz, bagay pou fè manje, machin pou lave rad, ak lòt sèvis. Ou kapab rete nan lojman tanporè sa a pandan semèn oswa mwa pandan w ap chèche yon lojman pèmanan. 

Kit premye lojman ou a tanporè oswa pou plis tan, yo pral akeyi ou menm ak fanmi ou ak yon repa ou konnen epi kwizin nan pral gen kèk manje debaz. Kay ou a pral gen pwodwi ijyèn pèsonèl ak pwodwi pou netwaye kay la tou. 

Jwenn Lojman Alontèm

Lojman Ozetazini souvan chè epi li kapab difisil pou jwenn yon kote ki an sekirite, pwòp, epi ou kapab peye. Ou dwe gen atant reyalis epi pare pou fè konpwomi lè w ap chèche lojman alontèm Ozetazini. Kote li ye, gwosè li, si li aksesib, ak konfò dwe ale ak revni mansyèl ou. Depans lojman pral pi gwo pati nan depans mansyèl ou kèlkeswa kote w rete. 

Ou pral gen yon revni limite lè w fèk rive Ozetazini. Premye lojman ou kapab peye a kapab pa koresponn ak tout sa ou t ap atann. Si w te nan lojman tanporè pandan premye semèn ou Ozetazini, tankou yon otèl oswa Airbnb, lojman alontèm ou a kapab pa bèl tankou lojman tanporè a te ye. 

Avèk tan, ou kapab jwenn pi bon lojman lè revni ou, nòt kredi ou, ak ekonomi ou ogmante. Lè w vin abitye ak pwosesis pou chèche lojman nan kominote w la, sa kapab fè l pi fasil pou jwenn lojman alavni ki koresponn ak bezwen w yo. 

Si w ap lite pou jwenn lojman abòdab Ozetazini, ou pa poukont ou. Gen yon kriz lojman abòdab nan tout 50 eta yo, ki afekte non sèlman refijye ak lòt nouvo moun ki vini yo, men tou sitwayen ameriken yo. 

Pou konsèy sou kijan pou jwenn lojman Ozetazini, gade Sis Konsèy pou Sonje Lè W Ap Chèche Lojman Ozetazini. 

Image
housing
Image
moving

Idantifye Bezwen Lojman w yo

Anvan ou kòmanse chèche lojman, ou dwe idantifye bezwen lojman w yo. Sa yo se bagay ou dwe genyen lè w ap chèche lojman. Pou ede idantifye bezwen sa yo:

  • Konsidere bidjè w pou konnen konbyen ou kapab peye pou lwaye, epi asire ou konprann ki lòt depans ki kapab genyen. Si w lwe yon kay, konsidere lòt depans mansyèl, tankou kouran ak asirans.
  • Panse ak gwosè kay ou bezwen an, tankou kantite chanm ak opsyon pakin pou machin ou.
  • Mande tèt ou si kote a koresponn ak bezwen fanmi ou. Pa egzanp, konsidere transpò pou ale travay ak lekòl epi si gen transpò piblik disponib. Si ou menm oswa yon moun nan fanmi ou gen bezwen aksesibilite, asire kay la kapab reponn ak bezwen sa yo.
  • Evalye sekirite katye a epi asire gen sèvis ijans tankou lapolis ak yon lopital oswa klinik toupre. 

Chak fanmi diferan epi gen bezwen diferan. Kesyon sa yo kapab ede w idantifye bezwen inik oumenm ak fanmi w epi konprann ki kay ki pi bon pou ou. 

Kesyon Moun Poze Souvan

Si w pa kapab jwenn lojman ki abòdab kote w rete a, gouvènman ameriken an gen pwogram pou ede fanmi ki pa gen gwo revni: 

  • Lojman pou Tout Nivo Revni gen ladan bilding apatman ki gen kèk apatman nan pri nòmal mache a ansanm ak kèk apatman rezève pou lokatè ki gen revni kay ki pi ba pase mwayèn zòn nan. Kalite lojman sa a limite epi li pa disponib nan tout vil oswa bouk.
  • Lojman Piblik  se lojman abòdab gouvènman federal ak lokal bati epi sipòte. Nan lojman piblik, lwaye a baze sou yon pousantaj fiks revni kay la. Kalite lojman sa a limite epi anjeneral gen yon lis datant.
  • Pwogram Koupon Chwa Lojman  kèk moun rele lojman Seksyon 8, gouvènman federal Etazini sibvansyone li tou. Gouvènman an peye pwopriyetè kay la pou kenbe lojman an nan yon pri moun kapab peye. Lojman sa a limite pou moun, tankou refijye ak nouvo imigran, ki aplike epi ki kalifye pou lwaye  ki ka jwenn sibvansyon. 

Pou aprann plis sou pwogram lokasyon gouvènman sa yo epi pou wè ki opsyon lojman ou kapab peye ki disponib pou ou, tanpri ale sou: https://www.hud.gov/states . 

Nou rekòmande pou ou rete nan lojman ou lwe a pandan 6 a 12 mwa pou montre ou gen yon bon istwa pèman lwaye. Istwa pèman lwaye w pral ede w lè w ap chèche yon nouvo kote pou rete epi montre pwopriyetè kay yo, ou se yon lokatè serye. 

Si w ap panse deplase nan yon lòt kote, men kèk bagay pou sonje: 

Kanpe Kontra Lwaye Ou 

lwe kay nan men yon pwopriyetè, ou dwe fè atansyon anvan ou kanpe kontra lwaye w la. Kontra a presize konbyen tan ou kapab rete nan apatman an. Nan pifò ka, se yon ane. Si w deplase anvan dat kontra a fini, ou pral oblije peye yon penalite, oswa menm peye tout mwa ki rete nan kontra a. 

Kontra lwaye ou a ap tou presize konbyen tan davans ou dwe avèti pwopriyetè a si w prevwa deplase oswa si ou vle renouvle kontra a. Sa rele avi pou kite kay la (notice to vacate). Nan pifò ka, ou dwe bay avi 30 a 90 jou anvan dat renouvleman kontra a oswa dat ou pral deplase a. 

Si w ap planifye deplase, tcheke kontra a epi pale ak pwopriyetè a pou konprann sa k ap pase si ou kase kontra w la anvan lè.

Ranpli Fòm AR-11 W la 

Ou oblije avèti Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) chak fwa w chanje adrès, nan 10 jou, menm si w ap deplase tanporè. Ou bezwen bay USCIS nouvo adrès ou a tou, w ap ranpli yon fòm ki rele AR-11. Sa ede yo konnen ki kote ou ye. 

Aplike pou Sèvis ak Benefis 

Li enpòtan anpil pou konprann, deplase kapab chanje sipò w resevwa nan sèvis lokal yo, tankou asistans manje oswa swen sante. Ou ka bezwen aplike pou sa yo ankò nan nouvo kominote w la, epi sèvis ou resevwa yo kapab diferan. 

Avètisman: Resous sa te kreye an patenarya avèk Refugee Housing Solutions. Refugee Housing Solutions se yon pwojè Church World Service anba yon akò finansman Depatman Deta Ameriken an.
 

Was this article helpful?
84
0