Jesyon Lajan
BANK
Pifò Ameriken mete lajan yo nan yon bank paske lajan an asire pa Gouvènman Ozetazini. Sa vle di si lajan an pèdi oswa yo vòlè li nan bank lan, Gouvènman Ozetazini an ap ranplase li. Ou pral bezwen aprann sou bank elektwonik, kredi, dèt, bidjè, ak peye taks.
Bank yo ofri plizyè sèvis, tankou kont pou kenbe lajan ou. Yon kont chèk pèmèt ou peye depans ou ak yon chèk, yon kat debi, oswa atravè peman elektwonik. Pifò Ameriken jwenn sa pi sekirize ak pratik pase pote lajan kach, men ou pa dwe depanse plis pase sa ki nan kont lan. Si ou fè sa, wap oblije peye yon frè.
KREDI AK DÈT
Gen plizyè fason pou prete lajan Ozetazuni. Fason ki pi pratik se itilize yon kat kredi, men ka gen yon limit ki ba sou kantite lajan ou ka prete avèk kat kredi a, epi ou gen yon ti tan pou remèt li san peye enterè. Pou gwo prete, tankou achte yon machin nouvo, anpil Ameriken aplike pou yon prè dirèkteman nan yon bank
Gen kèk bagay enpòtan pou konsidere lè w ap prete lajan. Si w prete yon ti kantite lajan epi ou remèt prè a vit, ou ap bati yon bon istwa kredi. Fason ki pi fasil pou fè sa se itilize yon kat kredi. Moun kap ba w prè a itilize istwa kredi ou pou evalye kantite chans ou genyen pou remèt dèt ou yo. Si istwa kredi ou bon, li pral pi fasil pou w jwenn yon prè bagay tankou yon machin
Sepandan, si ou gen difikilte pou peye prè ou a alè, ou ka fè fas ak konsekans legal. Anplis, ou dwe peye enterè sou pifò prè, sa ki ogmante kantite lajan ou dwe remèt la.
Ki sa ki enterè ?
Enterè se yon pousantaj sou kantite lajan ou prete a, ou peye bay moun oswa enstitisyon ki prete w lajan an paske yo ba w privilèjpou itilize lajan yo. To enterè yo varye. Lè w prete lajan (pa egzanp, itilize yon kat kredi oswa pran yon prè nan yon bank), ou pral peye enterè. Prè kout tèm ak kat kredi anjeneral gen to enterè ki pi wo pase prè long tèm nan bank. Kalkile enterè sou yon prè se yon pati enpòtan nan planifye remèt prè a, epi ou dwe toujou konsidere li lè w ap pran yon prè.
Lè w mete lajan nan kèk kont ekonomi, ou ka touche enterè paske bank lan itilize lajan ou a pou prete lòt moun. Kont ekonomi ki gen to enterè pi wo souvan gen kèk restriksyon sou konbyen lajan ou ka retire ak kilè ou ka fè sa.
Kat Kredi ak Kat Debi
Kat debi ak kat kredi sanble anpil, men gen yon diferans enpòtan. Tou de ka itilize pou peye bagay an pèson oswa sou entènèt, men yon kat debi retire lajan dirèkteman nan kont chèk oswa kont ekonomi ou. Yon kat kredi prete ou lajan pou acha a, epi si ou pa peye balans ki dwe sou deklarasyon kat kredi ou chak mwa, wap oblije peye enterè.
Prè Vwayaj Ou
Refijye yo ka resevwa yon prè san enterè pou peye vwayaj yo pou vin Ozetazuni. Pou prè sa a, yo mande w siyen yon nòt pwomès kote ou dakò remèt prè a nan 42 mwa.
W ap resevwa premye bòdwo a nan sis mwa apre ou rive Ozetazuni.
Remèt prè vwayaj lèw fè peman chak mwa alè se premye opòtinite w pou bati yon bon istwa kredi Ozetazuni. Si w gen pwoblèm pou fè yon peman, kontakte moun oswa enstitisyon ki te bay prè vwayaj la.
BIDJÈ
Ou responsab pou jere finans pèsonèl ou. Yon bidjè ap ede w konnen konbyen kob ou genyen, konbyen ou ka depanse, ak konbyen ou ka mete sou kote.
Chak mwa, ou pral bezwen peye pou depans debaz pou viv ak lòt depans. Si ou gen objektif alontèm tankou achte yon kay, kan w gen ase lajan pou kouvri depans debaz ou yo, ou ka mete yon kantite lajan chak mwa nan yon kont ekonomi.
PEYE TAKS
Taks Ozetazuni peye pou anpil sèvis tout rezidan yo itilize, moun ki fèk rive ladann tou. Taks yo finanse edikasyon piblik, antretyen wout ak otowout, sèvis polis, ponpye, ijans, ak pwogram sèvis sosyal.
Moun k ap viv Ozetazuni peye twa kalite taks:
Taks sou revni. Chak moun k ap travay peye taks federal sou revni, epi rezidan kèk eta peye taks sou revni nan eta yo. Taks sa yo soti dirèkteman nan chèk salè anplwayè ou. Peye w.
Taks sou byen pèsonèl. Gouvènman lokal yo ka ranmase taks sou kay, tè, ak bilding ou posede. Pwopriyetè kay la peye taks sa yo sou pwopriyete w ap lwe a. Kèk gouvènman lokal ranmase tou taks sou machin.
Taks sou lavant. Nan pifò eta, moun peye yon taks sou lavant lè yo achte bagay. Taks sa a ajoute sou pri atik la. Nan kèk eta, gen atik ki pa gen taks, tankou manje oswa medikaman. Pou lòt atik, tankou sigarèt ak alkòl, pousantaj taks la ka pi wo.