Prekosyon nan Kay

Updated: 2/26/2026
Konnen kijan pou pran prekosyon nan kay la enpòtan — pou ou, moun ki rete avèk ou yo, ak vwazen w yo.

Règ Debaz Prekosyon Nan Kay

Lè ou fin enstale nan nouvo kay ou a, pran tan pou rankontre vwazen toupre w yo ak lòt moun ki rete nan zòn nan. Lè ou konnen kominote ou a, li pi fasil pou remake si gen yon bagay ki pa nòmal oswa si gen etranje ou pa rekonèt. 

Pou kenbe tout  moun  an sekirite, fèmen pòt deyò yo ak kle tout tan. Pa kite moun ou pa konnen antre lakay ou. Fèmen epi takle fenèt yo lè w pa lakay. Si ou pral pa la pou anpil tan, ou ka itilize yon aparèy ki ka limen ak etenn yon limyè oswa televizyon pou kont li. Sa ka fè moun kwè ou lakay, epi sa ka anpeche moun ou pa konnen antre nan kay ou a. 

Finalman ilize epi pran swen aparèy elektrik ak twalèt yo jan yo montre w la. Pa egzanp, pa sèvi ak fil elektrik ki domaje epi fèmen dlo lavabo, douch, oswa benwa, nèt lè w pa bezwen yo. 

Image
Home Safety
Image
Home Safety
Image
Home Safety

Prekosyon kont Dife

Pou pwoteje kay ou kont dife, aprann kijan pou itilize ekstenktè epi konprann kijan detektè lafimen fonksyone. Si w ap lwe, mèt kay la dwe ba w detektè lafimen ki mache byen ak yon ekstenktè. Pa janm retire pil detektè lafimen an. Si detektè lafimen an ap bipe, chanje pil la. Men kèk lòt konsèy pou pwoteje w kont dife: 

  • Fè yon plan si gen dife  pou sove ak fanmi w epi pratike li. Epitou, teste detektè lafimen yo regilyèman.
  • Pa kite bouch fou, plak cho, fou, oswa chofaj pòtab limen san moun pa la. Pa janm sèvi ak bouch fou oswa fou pou chofe kay la. Pa mete bagay tou pre chofaj yo.
  • Pa janm kite balèn oswa lansan k ap boule san moun pa la.
  • Si w gen yon machin pou seche, netwaye plak filtè a regilyèman.
  • Pa kite machin a lave oswa machin pou seche ap mache lè w pa lakay la.
  • Kenbe brikè ak alimèt lwen timoun. 
Image
Home Safety
Image
Home Safety
Image
Home Safety

Rele 9-1-1

Konnen kijan pou rele 9-1-1 pou èd ijans si yon bagay grav rive ki mande  prezans polis, ponpye, oswa asistans medikal touswit. Men kèk egzanp sou ki lè ou ta dwe rele 9-1-1: 

  • Ou pa ka etenn yon dife ak ekstenktè ou a.
  • Yon moun ou pa konnen ap eseye fòse rantre nan kay ou a oswa ap menase fanmi w.
  • Yon moun ou lakay gen pwoblèm pou respire, endispoze epi li pa ka reprann konesans, oswa li fè yon aksidan grav. 

Lè w swiv konsèy sekirite sa yo, ou ka kreye yon anviwonman ki an sekirite epi konfòtab pou ou menm ak fanmi w. 

Image
Home Safety

Kesyon Moun Poze Pi Souvan

Si w  pa pale anglè byen, gen entèprèt 9-1-1 ki disponib pou ede w. Lè w rele 9-1-1, konnen kijan pou di nan anglè ki lang ou pale. Pa egzanp, aprann epi pratike di: "I speak Spanish," "I speak Pashto," oswa "I Mwen pale Pashto, “I speak Pashto” oubyen “I speak Arabic“ an Anglè. 

Was this article helpful?
82
-4