Sante Emosyonèl ak Byennèt

Updated: 2/26/2026
Byennèt emosyonèl se kapasite pou konprann emosyon w epi adapte ak difikilte, strès, oswa chanjman nan lavi w. Byennèt emosyonèl enpòtan pou sante an jeneral epi li ka mennen nan yon pi bon sante fizik, relasyon ki pi solid, ak rezistans emosyonèl.

Kijan Byennèt Emosyonèl Afekte Lavi w

Emosyon se sa nou santi. Ou ka santi santiman pozitif, tankou kontantman ak eksitasyon, ak emosyon negatif, tankou tristès, enkyetid, oswa strès. Santiman yo ka afekte fason ou panse, relasyon w yo, aktivite chak jou w yo, ak sante w. 

Relasyon: Lè moun ap lite ak santiman yo, li pi difisil pou yo konprann kijan lòt moun santi yo epi rezoud konfli. Lè w santi w byen emosyonèlman, sa ka ede w jere dezakò avèk kalm, kit se avèk zanmi, avèk fanmi, oswa nan travay oswa lekòl. 

Memwa ak Pran Desizyon: Lè w ap fè fas ak strès ak pwoblèm emosyonèl, ou ka panse twòp, sa ki fè w distrè epi gen difikilte pou konsantre oswa pran desizyon. Pa egzanp, ou ka remake ou bliye bagay, tankou chodyè sou recho a oswa randevou enpòtan. 

Sante fizik: Byennèt emosyonèl ou ak sante fizik ou konekte. Difikilte emosyonèl yo ka mennen nan chanjman fizik, tankou tonbe malad oswa paka dòmi. Li enpòtan pou w fè atansyon ak emosyon ou epi sansasyon fizik ou pandan w ap travay sou pwoblèm  difisil  ou yo.  

Pran Swen Sante Emosyonèl Ou

Tout moun fè eksperyans ki afekte sante ak byennèt emosyonèl. Eksperyans sa yo ka pozitif, tankou resevwa yon pwomosyon nan yon travay, oswa negatif, tankou tonbe malad. Men kèk fason ou ka pran swen sante emosyonèl ou: 

Rete konsyan. Lè w rete konsyan de sa w ap fè, sa ka ede w rete kalm, jere estrès, epi santi w gen plis kontwòl sou panse w ak santiman w. Pa egzanp, ou ka konsantre sou respirasyon w oswa sou sa w ap fè, olye pou w kite lespri w ap mache san direksyon. 

Jwenn balans. Mete tan sou kote pou bagay ou renmen, tankou pastan, lapriyè, oswa meditasyon ka ede w pran swen sante emosyonèl ou. 

Konekte ak lòt moun. Pataje santiman w yo ak zanmi oswa fanmi ka ede w pi byen konprann santiman ak emosyon w yo. 

Jere strès. Strès ka afekte ni kò w ni lespri w. Swiv yon woutin, dòmi ase, manje ak prekosyon anpil fwi ak legim, epi fè mouvman ak kò w se kèk fason ou ka jere kit se strès ki pase vit oswa stress ki rete lontan. 

Kilè Pou Chèche Sipò Emosyonèl

Chak moun fè eksperyans epi jere emosyon yo yon fason diferan. Pa egzanp, yon moun ka fè eksperyans emosyon pozitif lè yo kòmanse yon nouvo travay, alòske yon lòt moun ka santi yo enkyete. Konsidere chèche sipò si ou fè eksperyans nenpòt nan sentòm sa yo pandan plizyè semèn: 

  • Ou jwenn li difisil pou fè travay regilye yo, tankou pran swen tèt ou oswa fanmi w. Pa egzanp, ou gen difikilte pou kwit manje senp oswa pou manje regilyèman.
  • Ou pa dòmi ase oswa ou dòmi anpil.  
  • Ou santi w tris oswa gen enkyetid pandan pi fò nan jounen an.
  • Ou santi w fache oswa iritab, oswa ou fè gwo kòlè.  
  • Ou remake chanjman nan konpòtman nan travay, lekòl, oswa nan relasyon w yo. Pa egzanp, ou ka remake w ap evite zanmi oswa fanmi, oswa ou gen difikilte pou sonje travay oswa randevou enpòtan. 
Image
playing sports
Image
people speaking

Kalite Sèvis Sipò Emosyonèl

Sipò pwofesyonèl disponib, Si w bezwen èd. Kèk egzanp sipò pwofesyonèl gen ladan yo: rankontre ak yon konseye, ale nan yon gwoup sipò, oswa resevwa medikaman nan men yon doktè. Pou jwenn èd, pale ak doktè prensipal ou, travayè sosyal ou, oswa chèche sèvis nan zòn ou an. 
Sonje byen, li nòmal pou w chèche sipò. Tout moun fè eksperyans strès, tristès, oswa enkyetid ki ekstrèm. Li enpòtan pou w prete atansyon sou panse ak santiman w pou byennèt emosyonèl ou. 

Si w ap panse pou w mete fen ak lavi w, oubyen pou w fè tèt ou oswa lòt moun mal, epi w bezwen sipò touswit, tanpri rele Liy Kriz Swisid 988 la pou w pale ak yon pwofesyonèl. Liy Kriz Swisid 988 la disponib nan plis pase 240 lang. Ou kapab voye mesaj tèks bay 988 an Anglè  pou w kontakte yon pwofesyonèl imedyatman. 

Si ou rele Liy Kriz Swisid la, yon konseye ki resevwa fòmasyon ap reponn telefòn nan epi l ap mete w an kontak ak yon entèprèt si sa nesesè. Konseye sa a ap kenbe w an sekirite lè l koute w epi l ap ba w sipò si w santi w anvi fè tèt ou mal oswa touye tèt ou. Si konseye a santi w an danje, yo ka diskite sou fason pou mete w an kontak ak sèvis ijans lokal yo tankou 911, epi lapolis, ponpye oswa sèvis anbilans yo ka vin nan zòn ou an pou ede w. 

 

Avètisman:

IRC te resevwa finansman konpetitif nan men Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini, Administrasyon pou Timoun ak Fanmi yo, Sibvansyon #90RB0052 ak Sibvansyon #90RB0053. Pwojè sa jwenn 100%  finansman nan men fon federal. Kontni dokiman sa a se responsablite otè yo sèlman epi li pa nesesèman reprezante opinyon ofisyèl Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini, Administrasyon pou Timoun ak Fanmi yo.

Was this article helpful?
16
-1