Sante Mantal Ozetazini

Updated: 4/7/2026
Sante mantal enpòtan pou lasante epi li ka mennen nan pi bon relasyon, byennèt fizik, ak fòs emosyonèl. Ozetazini, se yon bagay nòmal pou moun pale de sante mantal yo epi chèche sipò si yo bezwen èd.

Kalite Sipò Emosyonèl

Ou ka santi ou strese, tris, oswa depase pandan vwayaj reenstalayon ou an oswa nan lavi chak jou. Se yon bagay nòmal pou ou santi sa yo epi li bon pou mande sipò emosyonèl si ou bezwen l. Sipò emosyonèl ka soti nan anpil kote diferan. Men kèk egzanp: 

Moun ki nan Lavi Ou. Ou ka jwenn sipò nan men zanmi ak fanmi ou, antrenè w, oswa konseye w. Pwofesè ak lidè relijye ka ba ou konsèy tou pandan moman difisil. 

Terapi oswa Sipò Sikolojik. Terapis ak Sipò Sikolojik ka ede ou jwenn fason pou konprann ak jere santiman ou. Ozetazini, anpil moun pale ak yon terapis oswa konseye sikoljik pou yo jwenn èd ak santiman yo, menm si yo pa gen gwo pwoblèm. 

Gwoup Sipò. Gwoup sipò bay sipò ak lòt moun ki ap fè fas ak menm kalite pwoblèm. Kèk gwoup sipò gen aktivite kreyatif ladan yo, tankou atizana oswa kwit manje. Ou ka jwenn gwoup sipò pou moun espesifik, tankou manman oswa adolesan. Gwoup sipò ka ede w fè nouvo koneksyon sosyal nan kominote w la tou. 

Medikaman. An jeneral, medikaman ka ede diminye enkyetid, amelyore somèy, ak sipòte byennèt emosyonèl. Souvan se doktè prensipal oswa sikyat ki preskri medikaman sa yo. Moun ki pran medikaman yo konn rankontre ak doktè yo regilyèman pou wè si medikaman an ap travay byen. 

Enpòtan pou ou konnen founisè swen ak entèprèt yo oblije kenbe sa ou pataje ak yo prive, sof si yo enkyete ou ka fè tèt ou oswa yon lòt moun mal. Sa vle di founisè w la  ak entèprèt ou a p ap rakonte fanmi w, zanmi w , oswa kominote w la anyen sou panse, santiman, oswa konvèsasyon ou te genyen ak yo. 

Image
support group
Image
therapy

Chwazi yon Founisè Swen

Jwenn yon founisè swen ki adapte ak bezwen ou ak orè ou ka pran tan. Pandan w ap chèche yon founisè, konsidere: 

Kouvèti Asirans Sante. Gen kèk founisè ki aksepte asirans sante, epi gen lòt ki konsidere "deyò rezo a." Ou dwe mande si founisè a, òganizasyon an, oswa gwoup sipò a aksepte asirans sante ou a epi si gen frè oswa peman siplemantè. 

Entèpretasyon. Ou gen dwa pou jwenn entèpretasyon nan lang ou prefere a gratis nan nenpòt òganizasyon sante ki resevwa lajan federal. Di anplwaye lopital oswa klinik la  ou bezwen yon entèprèt lè ou pran randevou oswa lè ou rive pou swen ijans. 

Aksè. Verifye kote founisè a ye, kantite èdtan ki disponib pou tretman an, ak konbyen tan ou ka tann pou resevwa sèvis yo. Ou ka mande tou si founisè a ka wè ou nan ka ijans. 

Tretman. Ou ka mande si founisè ou a gen menm eksperyans kiltirèl ak ou menm oswa si li konn abitye travay ak nouvo imigran. Ou ka mande tou si li gen eksperyans pou ede w ak kalite enkyetid ou genyen yo. 

Sonje chwazi yon founisè swen se yon desizyon pèsonèl. Enpòtan pou jwenn yon founisè ou fè konfyans epi ou santi ou alèz avèk li. Si ou bezwen èd pou jwenn sèvis, mande doktè prensipal ou, travayè sosyal ou, Ajans Reenstalayon ou a, oswa parenaj ou pou èd. 

Image
provider
Image
provider 2

Disclaimer: The IRC received competitive funding through the U.S. Department of Health and Human Services, Administration for Children and Families, Grant #90RB0052 and Grant #90RB0053. The project is 100% financed by federal funds. The contents of this document are solely the responsibility of the authors and do not necessarily represent the official views of the U.S. Department of Health and Human Services, Administration for Children and Families.

Was this article helpful?
15
-1