Seri sou Taks – Premye Pati - Kijan Taks Mache Ozetazini
Nou envite w vin jwenn nou pou yon sesyon an dirèk kote w ap aprann kijan sistèm taks la mache Ozetazini. Seri de pati sa a se yon kolaborasyon ak pwogram SAFE (Supporting Access to Financial Empowerment) IRC a, epi l ap ba w yon apèsi sou kòman sistèm taks la fonksyone Ozetazini.
Nan Premye Pati a, n ap pale sou diferan kalite taks ki genyen, ki sa yo fè ak lajan taks yo, ak kijan nou peye taks pandan tout ane a.
Nan Dezyèm Pati a semèn pwochèn, n ap esplike kijan pou prepare w pou deklare taks ou chak ane. N ap pale sou ki moun ki dwe fè deklarasyon, ki dokiman ou dwe genyen, ki kote ou ka ale pou fè taks ou, ak kijan pou w evite moun k ap fè fwod nan zafè taks.